jeudi 28 novembre 2019

Chapo pou Frantz Prinvil


Chapo pou  Frantz Prinvil

Frantz Prinvil

Frantz Prinvil se prensipal inisyate KOTELAM. Li reprezante sa Alphonse Desjardins reprezante « Caisses Desjardins » nan Canada.

Nan lane 1989, sa fè ane a 30 tan, li te yon jen gason. Li te reyini  kèk lot jen (13 sosyetè) pou yo kreye yon Kès nan zòn mache Salomon. Yo te reyini sèlman 239 goud. Ki vin jounen jodi a yon gwo enstitisyon finasye ak plis pase 100 000 man e yon milya goud.

Frantz Prinvil te dekouvri kesyon koperativ la nan lane 80 yo, lè sa a li te etidyan nan Jesyon nan INAGHI. Nan lane 1989 li pran inisaytiv kreye KOTELAM. Li patisipe nan kreye ou byen nan ranfòse anpil Koperativ tankou COOPECLAS, MAMEV… kòm amplwaye kad nan pwojè RMCH. Li te premye sekretè Jeneral ANACAPH, Direktè Jeneral CNC 2 fwa. 

28 Novanm 2014, KOTELAM te bali tit Gouvènè mouvman. 17 Fevriye 2017 «  consistoire mondial du protestantisme haïtien et l’Union des universités privées d'Haïti (UUPH) », te bali tit Doktè «  honoris causa en coopérative et développement communautaire ». 

Prinvil distenge l nan itilize imaj pou fè diskou nan lang kreyol. Li se yon defansè kesyon sosyal nan koperativ. Li batay pou mouvman kenbe endepandans li. 

Koperatè Frantz Prinvil, nou diw mesi pou KOTELAM ak tout lot sa w fe nan  mouvman koperativ la
Nonais 28 Novanm 2019

4 commentaires:

  1. Wi, Frantz Prinvil, se yon moun ki mérite anpil omaj nan sekte koperativ la espesyalman nan KOTELAM kote li sakrifye tan li, li bay konpetans li, Lajan li poul fe l sa li ye jodia. Se 30 tan goumen sa ye nan peyi sa kote nou poko finn byen konpranm mouvman an. Chapo ba pou wou Dokte ak tout lot ekip ki te dako ak wou nan ane 1989 sa.

    RépondreSupprimer
  2. Konpliman Frantz Prinvil pou vizyon ou te genyen pou koze koperativ. Nap pwofite di KOTELAM bòn fèt, anpil wout gentan fèt anpil eksperyans gentan pran pandan 30 lane saa yo.
    Lan non pam ak lan non CAPOSAC nou swete tout dirijan ak anploye epi tout sosyetè yo anpil bon bagay pou ane kap vini yo.

    RépondreSupprimer
  3. Si sente kotelam mwen te ginyin 10ans de cela uni bank patap jamm jwen chance kidnaper kob mwen jodia..guys..kotelam.is the best...Kinammm..kimbe la you*'ve done a great job...

    RépondreSupprimer
  4. Yo toujou di se pa le moun nan mouri pou nou ba li sa li merite "Mesye Frantz PRINVIL" ou merite plis toujou respe pou tout travay ou fe nan sekte kooperatif Ayisyen an

    RépondreSupprimer

Merci de nous laisser vos commentaires