dimanche 29 décembre 2019

“Je suis un mentor” Voix et Cœur d’Haiti (VCH) : Seremoni remèt sètifika pou 40 patisipan



Nonais ak Beatrice Ulysse
Voix et Cœur d’Haiti (VCH), reyalize pwogram “Je suis un mentor” soti 1e  rive 27 desanm 2019. Pandan 4 dimanch nan mwa desanm nan, VCH te òganize 4 seyans fòmasyon sou Antreprenarya Sosyal, Psikoloji konpòtmantal, Plan dafè ak elaborasyon pwojè pou 40 jèn fi ak gason. 



Pwogram sila vize fè jèn yo vini ajan chanjman, lidè, ak antreprenè sosyal, mentò ki gen kapasite pou ekri pwojè, monte antrepriz sosyal pou chanje kominote yap viv la. 
 
Vandredi 27 desanm “Voix et Cœur d’Haiti (VCH) “ nan lokal Moon Light òganize seremoni sètifika pou patisipan yo. Avan òganizatè yo remèt sètifika yo, 4 nan patisipan te fè yo chak yon rezime yon modil nan fòmasyon yo te resezwa yo.

Direkte Maketin ak vi sosyal KOTELAM nan, Nonais Derisier, te pran la pawòl pou l rakonte jèn yo istwa yon sakristen ki te jwenn revokasyon l paske li pat kon li ak ekri. Pwoblèm sila pat anpeche l  vini moun ki pi rich nan zòn li tap viv la. Leson an : pwoblèm lavi a paka anpeche nou reyalize rèv nou. Tankou KOTELAM  nou ka kòmanse tou piti pou grandi, devlope, rive nan somè.



Li fè jèn yon konnen lakonesans se richès ki pi enpòtan pase resous natirèl tankou, petwòl, lò ak dyaman. Jodi a lakonesans demokratize, yo ka gen aksè ak tout konesans planèt la nan pla men yo, nan telefòn yo. Pou yo gen konesans la ak reyisi tou t sa yap fè yo fèt ak resous ki nesesè pou sa : tan ak atansayon/lanmou ou pasyon. 




Poul fini li prezante mesaj KOTELAM pou ane kap fini an ak sap kap vini an : « Avek wòch oubyen blòk, nou ka monte mi ou byen fè pon. KOTELAM ak resous li, wòch ou blòk li deside konstwui pon. Pon poun sòti nan mizè povrete pou rive nan richès ». 

Bò kote pal, politològ Roudy Stanley Pen te prezante pwòp istwal pou li montre empòtans pasyon pou jen yo reyisi tout sa yap fè.


Yon patisipan kap resevwa setifika


KOTELAM kontan patisipe nan pwogram “Je suis un mentor” Voix et Cœur d’Haiti (VCH). Li felisite tout òganizatè yo : Pasceus Jouvensky St Fleur, Steven Gregor Gabriel (Jeune Ambassadeur de KOTELAM), Elie Gasmane, Beatrice Ulysse... Kout chapo pou VCH. KOTELAM ap koutinye mache avèl...

Nonais Derisier Saincelair, Dir Marketing et de la vie associative de KOTELAM, 29/12/2019

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Merci de nous laisser vos commentaires